AYITI/ASASINAY :YON ANSYEN MINIS AFÈ ETRANJE GEN GWO ENKYETID SOU FASON GOUVÈNMAN DEFAKTO A AP MENNEN DOSYE ASASINAY PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LAN.

Nan yon twit, ansyen minis afè etranje a doktè Claude JOSEPH fè jounen premye janvye 2022 a, diplomat la eskprime enkyetid li gen sou fason gouvènman defakto a ap mennen dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse lan.

Pa gen ankenn volonte politik pou Ansyen lokatè palè nasyonal la jwenn jistis deklare doktè Claude JOSEPH, pilwen, li fè konnen malgre gouvènman kolonbyen an di lap respekte akò yo genyen avèk Ayiti sou ekstradisyon men moun ki di yap dirije Ayiti yo pa diside voye dokiman bay otorite Jamayik yo pou yo voye Antonio palacios palacios vin reponn kesyon lajistis an Ayiti.

Ansyen premye minis pou yon ti bout tan an, fè piblik la konnen si Leta pa voye papye sa yo nan peyi Jamayik 3 janvye yo ap oblije voye palacios palacios nan peyil Konlonbi.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …