AYITI/POLITIK: MOÏSE JEAN CHARLES BAY DIZON LI SOU MANDA DIS (10) SENATÈ YO

_Lidè platfòm politik pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles, fè konnen sou radyo Scoop FM apre dezyèm lendi janvye 2022 pa gen senatè ankò._

Dezyèm lendi janvye 2022 ki pral vini lage yon chire pit nan mitan aktè politik, konstitisyonalis ak sila yo ki save nan domèn jiridik sou manman lwa peyi a. » Dezyèm lendi janvye 2022 pa gen senatè ankò », deklare ansyen senatè depatman Nò a jounen mèkredi 5 janvye a.

Ansyen kandida pou pòs prezidan nan eleksyon prezidansyèl 2015 yo, pi lwen, fè konnen pou kèlkeswa rezon an yo pa ka kite senatè yo la.  » Se pa mwen ki di l se lalwa, se dekrè elektoral la ki di l. »

Biwo sena a bò kote pa l, mande senatè yo pou yo pa kite yo entimide ak pa kanpay entoksikasyon sa e an menm tan, mande yo pou yo kontinye defann enstitisyon senatoryal la, demokrasi a ak pèp ayisyen an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …