LEMOND/POLITIK : MINIS JISTIS AMERIKEN AN ANONSE LI AP TRENEN DEVAN LAJISTIS TOUT MOUN KI TE PATISIPE NAN ZAK  » CAPITOL » LA

Minis jistis peyi Etazini an, Merrick Garland, ki pale mèkredi senk (5) janvye 2022 a, nan Deptaman Jistis nan « Washington », fè konnen li ap trennen nan devan lajistis tout moun ki te patisipe nan eskonbrit ki te pete sis (6) janvye 2021 nan « Capitol » la nan peyi Etazini.

Nan diskou li, minis Merrick Garland, deklare avoka gouvènman an pran angajman pou pouswiv tout koupab ki te patisipe nan atak 6 janvye a, nan tout nivo, daprè lwa peyi a.

Depatman jistis la ap fè fas ak anpil presyon bò kote kèk demokrat pou li konsantre plis sou aksyon ki te enspire plizyè milye patizan Trump yo pran syèj kongrè a kòm daso.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …