ARIEL HENRY KONDANE ZAK ASASINA KI FÈT SOU DE JOUNALIS NAN LABOUL 12

Premye minis ayisyen an, doktè Ariel Henry, nan yon twit, fè konnen li kondane ak tout fòs zak asasina baba ki fèt sou 2 jounalis kise John Wesley Amady ak Wilkens Louissaint nan Laboul 12.

« M kondane asasina baba jounalis Amady John Wesley ak Wilguens Louissaint nan Laboul 12″, ekri chèf gouvènman ayisyen an, doktè Ariel Henry. » Nan non gouvènman an, m prezante kondoleyans mwen ak fanmi, zanmi pwòch viktim yo  ak laprès an jeneral », kontinye responsab primati a.

Ariel Henry, pilwen, fè konnen Lapolis Nasyonal Dayiti dwe fè tout jefò posib pou mete fren ak krim sa yo.

N ap raple, nan sa ki gen pou wè ak ensekirite kote nèg ak zam pa sispann taye banda Matisan vin tounen yon kafou lanmò. Depi lè li pran tèt primati a jiskaprezan, chèf CSPN nan, Ariel Henry, ak direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti a, Frantz Elbé, parèt enpisan fas ak nèg ak zam ki ap etenn souf malere ak malerèz nan rantre sid kapital la nan nivo Matisan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …