AYITI/ ASASINAY : YON GWOUP AYISYEN NAN VIL NOUYÒK KONTINYE AP REKLAME JISTIS POU DEFEN JOVENEL MOÏSE

Yon gwoup Ayisyen  nan vil Nouyòk, nan peyi Etazini, manifeste vandredi 7 janvye 2022 devan Nasyon Zini, nan lide pou kontinye mande jistis pou defen Prezidan Jovenel Moïse.

Malgre, anpil nèj tap tonbe nan Nouyòk sitwayen sa yo pat dekouraje revandikasyon yo pou ansyen lokatè palè nasyonal la jwenn jistis. Pwotestatè yo bat bravo kontantman pou gwo kout filè sa FBI fè nan peyi Panama kote li mete kòd nan kou Antonio Mario palacios palacios, nan kad ankèt sou asasinay ansyen chèf Leta.

Nap raple, defen prezidan Jovenel Moïse te jwenn lanmò li nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 lakay li nan komin Petyonvil kote yon gwoup mèsenè  te rantre lakay li epi touye li.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …