YON FOUTBOLÈ ENTÈNASYONAL MOURI NAN YON AKSIDAN MACHIN

Ahmet Çalik, jwè Tirk ki gen 27 lane k ap jwe nan klèb Konyaspor, mouri jounen madi maten 11 janvye 2021 an nan yon trajik aksidan machin, daprè yon kominike klèb li mete deyò.

Foutbòl Tirk la an dèy. Ahmet Çalik, jwè premye divizyon chanpyona Tirk la, mouri nan aksidan machin toupre Ankara.

« Lanmò foutbolè nou an Ahmet Çalik fè nou anpil lapèn. Nou tris. Li se te yon jwè fanatik yo te apresye depi premye jou l te rive nan ekip la », anonse klèb Tirk la nan yon kominike tris.

Aksidan an fèt nan Gölbasi nan moman jwè te pèdi kontwòl machin li a epi li pa t ka reziste anba blese yo.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …