AYITI AKTYALITE: TOUT SA KAP DOMINE AKTYALITE A NAN LAKOU LAKAY LA

AYITI VYOLANS: Moun yo pa idantifye nan zòn Monwi piye epi mete dife nan yon machin « KORE PEP » ki ta pral pote èd bay moun ki viktim nan tranbleman tè ki te pase nan Gran nò peyi a jou ki te samdi 6 oktòb 2018 la.

AYITI INONDASYON: Plizyè kay inonde nan komin Marigo nan lapli kap tonbe sou peyi a depi kèk jou. Dlo pote ale jaden ak bèt abitan yo selon youn nan majistra komin nan Marie Dominique Tertulien ki tap reyaji nan mikwo Echojounal.

AYITI EDIKASYON: Lekòl pa fonksyone nan vil Fòlibète depi apre goudougoudou te fin fè santil samdi 6 oktòb 2018 pase a, majistra vil sila Louis Jacques Etienne pran desizyon sa pou anpeche plis viktim nan komin nan nan ka si ta gen lòt replik selon sa majistra a fè Konnen.

AYITI EKONOMI: 420 goud se kòb sa konsèy siperyè salè (KSS) a fikse pou yon jounen travay pou tout ouvriye ak ouvriyèz kap travay nan sektè soutretans la.

AYITI PWOTESTASYON:
Avoka nan Bawo Pòtoprens yo tanmen yon mouvman grèv pou jis ka 15 oktòb kap vin la selon sa yo anonse pou mande komisè Pòtoprens lan mèt Ocnam Daméus mete aksyon piblik an mouvman kont direktè depatmantal lwès polis la Berson Soljou ki ta pase 2 avoka ak grefye an chèf pakè kèk pataswèl.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …