AYITI ANTANT: REKONSILYASYON ANT GREFYE AN CHÈF PAKÈ A WIBERT RHAU AK DIREKTÈ DEPATMANTAL LWÈS POLIS LA BERSON SOLJOUR.

Grefye an chèf pakè tribinal premye enstans Pòtoprens lan Wilbert Rhau mete yon bout nan konfli li te genyen ak direktè depatmantal lwès polis la Berson Soljour.

Wilbert Rhau ki te nan yon konfli ak Berson Soljour 9 oktòb 2018 pase a pandan odisyon militan politik Shiller Louidor nan pakè a kote Direktè depatmantal la te menm rive pase grefye a yon pataswèl ak avoka Élie Diept Augustin.

Yon aksyon ki te leve plim sou do grefye yo ak avoka yo ki te tanmen yon mouvman kont direktè depatmantal lwès la e mande pou arete direktè a.

Apre yon rankont ant direktè Soljour ak grefye Wilbert nan yon otèl nan kapital la selon enfo ki rive jwenn nou, de (2) mesye yo rive antann yo.

Grefye Wilbert Rhau retire plent kel te depoze kont direktè depatmantal la Soljour Berson nan epi poste yon foto sou rezo sosyo yo kotel poste ak Soljour  pou moutre tout moun ke pwoblèm nan rezoud.

Avoka yo bò kote pa yo kontinye ap mande jistis pou konfrè yo ki te pran yon chaplèt tou nan men direktè depatmantal lwès la nan menm jou a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …