AYITI/POLITIK : EKONOMIS FRITZ ALPHONSE JEAN DEPOZE PYÈS LI YO NAN KONSÈY NASYONAL TRANZISYON AN

Fritz Alphonse Jean, depoze nan dat 17 janvye 2022 a, pyès li yo nan konsèy nasyonal tranzisyon an kòm prezidan tranzisyon an.

Nan sans sa, mesye Fritz Alphonse Jean te al fè depo pyès li yo nan konsèy nasyonal tranzisyon (CNT) pou swit administrativ yo kote li te tou pwofite eksprime enterè li pou fonksyon an.

Nap raple, nan yon asanble ki òganize nan peyi Etazini patiklyèman nan Lwizyàn, òganizatè yo fè chwa ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm nouvo prezidan pwovizwa transizyon an nan peyi Dayiti

Premye minis defakto a, doktè Ariel Henry, bò kote li raple pwochen prezidan peyi Dayiti ap genyen an se nan eleksyon li ap soti.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …