Nan yon asanble ki òganize nan peyi Etazini patiklyèman nan Lwizyàn nan dat 17 janvye 2022 a, òganizatè yo deziye Fritz Alphonse Jean kòm nouvo prezidan pwovizwa transizyon an. Fas ak sa, redaksyon echo jounal ap fè yon koudèy sou kiyès Fritz Alphonse Jean ye.
Fritz Alphonse Jean fèt nan depatman Nò peyi a, patiklyèman nan vil Kap Ayisyen. Ekonomis, ekriven ak moun Leta, Fritz Alphonse Jean se manm pati politik inite pratriyotik e li te premye minis peyi Dayiti nan dat 26 fevriye pou rive 28 mas 2016.
Delege diferan akò politik ki te prezan nan somè politik ayisyèn Lwizyàn nan peyi Etazini deziye Fritz Alphonse Jean kòm prezidan pwovizwa transizyon an nan peyi Dayiti apre de (2) jounen travay an atelye ki te fèt. Se jeneral retrete lame ameriken an, Russel L. Honoré ki fè anons la sou kont twitè li.
Tranzisyon koupe fache, se eslogan Fritz Alphonse Jean. Yon lòt kote, pou delege yo te rive deziye ekonomis Fritz Alphonse Jean se diferan akò politik yo ki te transfòme nan akò initè Lwizyàn.