AYITI/ ASASINA : RODOLPHE JAAR RISKE PASE TOUT VIL NAN PRIZON

Jan sa te prevwa youn nan prezime asasen defen prezidan Jovenel Moïse, Roodolphe Jaar, parèt jounen jedi 20 janvye 2022 a devan yon tribinal nan Miyami, pou tal tande akizasyon ofisyèl lajistis peyi Etazini fè kont li pou prezime enplikasyon li nan zak asasinay prezidan Jovenel Moïse, nan dat 7 jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren 5, komin Petyonvil.

Daprè Depatman jistis, Rodolphe Jaar gen 2 nasyonalite yon nasyolite ayisyen ak chilyen. Prezime asasen ki gen 49 lane, akize paske li te bay sipò materyèl, finanse pou te kapab egzekite asasinay prezidan Moïse. Si tribinal la ta jwenn Dòdòf koupab l ap gen pou pase rès vi l nan prizon.

Sa ki ekri nan plent Dapatman jistis, Mouche Jaar, te jwenn yon kay pou te kapab mete 20 militè kolonbye dòmi e yo te anafè ak yo pou te kapab egzekite yon manda arestasyon kont defen Jovenel, kay sa sete yon kay ke Rodolphe Jaar te kontwole, daprè dokiman plent Depatman jistis la. Toujou daprè plent la, prezime asasen an te responsab pou bay zam ak kolonbyen yo pou te ka mennen operasyon an, nan mwa jen Rodolphe Jaar, te asiste yon rankont ke Mario Antonio Palacios Palacios te ye ak yon ameriken ki gen orijin ayisyen te diskite sou plan arestasyon an.

Avoka gouvènman Ameriken an, Walter Norkin, se Mèkredi apremidi ke Jaar te rive Ozetazini. Jaar te vini nan peyi Etazini ak tout volonte li.

Jij Louis, kiye poze plizyè kesyon ak Rodolphe Jaar sou konbyen kòb li fè chak ane . Jaar, te fè konnen li pa travay depi 6 mwa donk li pa antre okenn lajan, li gen $2,000 dola sou yon kont bank nan peyi Ayiti, li pa gen kont. bank, ni pwopriyete, ni machinn ni okenn byen Etazini. Jaar ajoute li poko jwenn yon avoka.

Tribinal la, kite akòde Jaar yon ti tan pou l pale an prive ak avoka Padilla san ke odyans la pat ka tande kisa yo tap diskite. Padilla, te mande jij la ba li tan pou’l pale ak kliyan ni anvan yo pouse pou pi devan ak pwosesis legal la.

Jij Louis akòde demann nan e li fikse Mèkredi 26 Janvye a 10h nan maten kòm pwochen dat kote Jaar ap gen pou’l parèt devan yon jij. Se ap yon odyans preliminè pou diskite sou detansyon an. Jedi 27 a 10h li ap gen pou l parèt devan tribinal ankò kote li ap gen pou plede koupab ou non-koupab.

Pandan odyans la, jij gouvènman an te soulve posibilite pou gen yon konfli ant « defansè federal yo » paske li soulinye ke gen yon lot akize ki reprezante pa avoka federal tou. Kise Mario Antonio Palacios Palacios e ki lye a menm dosye asasina prezidan Ayisyen an. Li fè konnen gen posibilite pou se pa yon pwoblèm, men li va bay plis detay sou sa.

Depatman Sekirite Nasyonal ak FBI akize Palacios dèske kom kwa li te konplote pou bay sipò materyèl ki te debouche sou lanmò yon lidè etranje e ke li te konplote pou’l touye yon lidè etranje. Li plede non koupab a akizasyon sa yo.

Si yon tribinal jwenn ni koupab, Palacios ta ka pase rès vi li nan prizon.

Jij la mande avoka Norkin si la jistis te notifye konsila Ayisyen an sou detansyon Jaar la. Misye reponn ke yo poko fè sa, men ke yo te notifye otorite Ayisyen yo lè yo te arete Jaar nan Repiblik Dominikèn. Jij la pase lòd ba li pou’l fè sa anvan Vandredi.

Jij Louis, pase lòd bay avoka gouvènman an tou pou li prezante tout prèv yo genyen kont Rodolphe Jaar pi vit posib.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …