AYITI/ POLITIK : CLAUDE JOSEPH REYAJI SOU DOSYE ETAZINI KI ENTÈDI RESÒTISAN LI YO VWAYAJE NAN PEYI SENDOMENG

Peyi Etazini entèdi ameriken yo pou yo pa vwayaje Sendomeng akoz Kovid-19 e delenkans . Fas ak sa, ansyen chanselye ayisyen, Claude Joseph, fè konnen sekirite zile a se yon kesyon ki prewokipan.

« Sekirite zile a se yon kesyon pwewokipan. M kwè, san m pa nan yon lojik polemik, Ayiti ak Repiblik Dominikèn dwe travay ansanm pou mete fen nan fenomèm ensekirite a », ekri ansyen premye minis sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph.

Claude Joseph fè konnen gang yo ranfòse. « Otorite de (2) peyi yo dwe ranfòse koperasyon yo. Se pou byennèt nou », esplike doktè Claude Joseph.

Whashington leve nivo alèt la 4 pou Repiblik Dominikèn nan sa ki gen pou wè ak rale zam vòlè bagay moun, agresyon seksyèl ak touye moun.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …