AYITI/GOUDOU GOUDOU: FONDASYON ZANMI TIMOUN MANDE OTORITE YO POU YO VOYE JE SOU DEPATMAN NIP

Fondasyon Zanmi Timoun, parapò ak tout sekous tranbleman tè ki ap pase regilyèman yo, mande otorite konpetan yo, nan yon nòt pou laprès ki soti 25 janvye 2022, pou yo voye je sou depatman Nip.

Òganis ki ap defann ak fè pwomosyon dwa timoun, Fondasyon Zanmi Timoun, atire atansyon otorite konpetan yo sou nesesite pou yo jete yon koudèy sou depatman Nip. » Depatman Nip, jiskaprezan, toujou trete an paran pov e anyen pa janm fèt pou yo vin bay bourad ak popilasyon sa », ekri nan nòt la.

Fondasyon Zanmi Timoun fè konnen se li ki ap debwouye l kou mèt Janjak ak sipò kèk patnè lokal e entènasyonal tankou UNICEF pou ede popilasyon Nip la ki te viktim apre tranbleman tè a.  » Fondasyon Zanmi Timoun souliye gen anpil fanmi ki vin pi vilnerab akoz dega dènye tranbleman tè a ak diferan move tan ki ravaje Gran Sid la, notamman depatman Nip », kontinye nòt la. » Sityasyon difisil sa egzije entèvansyon Leta ak patnè li yo pou yon tan ki long ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …