AYITI/ TRANBLEMAN TÈ: PWOTEKSYON SIVIL NIP PREZANTE GWO DEGA TRANBLEMAN TÈ A NAN DEPATMAN NIP

Nan yon konferans pou laprès jounen madi 25 janvye 2022 a, direksyon depatmantal pwoteksyon sivil Nip prezante bilan tranbleman tè 24 janvye 2022 a.

« De (2) moun mouri, youn nan komin Ansavo ak komin Fondenèg, 52 moun blese nan komin Ansavo ak Tirivyè Nip, 227 kay kraze nan komin Ansavo ak Tirivyè Nip, 937 kay andomaje pou 2 komin yo ak 1100 fanmi sinistre », daprè deklarasyon direktè pwoteksyon sivil Nip lan Fidel Nicolas.

Direktè (DPC) Nip lan, Fidel Nicolas, fè konnen li deja rankontre ak plizyè patnè k ap travay nan depatman Nip pou kapab pote sipò pou fanmi viktim yo, pèmèt aktivite yo kapab reprann sitou lekòl la ki kanpe depi madi 25 janvye 2022 a nan depatman an. Pilwen, Fidel Nicolas, presize nan gwo bezwen ki gen nan komin ki viktim yo kote pou moun yo rete ak lekòl ki dwe retounen fonksyone nan komin sa yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …