Claude Joseph, ansyen premye minis peyi Dayiti, bay kat (4) rezon ki lakoz gouvènman Ariel Henry a p ap janm rann jistis ak ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, asasinen nan dat 7 jiyè 2021 nan Pèleren 5.
« 1)Imedyatman apre krim nan, chèf gouvènman an te pale pandan de (2) fwa ak youn nan prezime asasen yo, Joseph Badio Félix. 2) San okenn kè sote, prezime asasen an al rann Ariel Henry vizit pandan de (2) fwa lakay li apre lanmò Jovenel Moïse », deklare ansyen chanselye ayisyen an.
Pi lwen, doktè Claude Joseph bay de (2) lòt rezon ankò ki lakoz gouvènman Ariel Henry a p ap ka bay Jovenel Moïse jistis. « 3) Premye minis Ariel Henry fè sistematikman obstriksyon ak lajistis nan kad dosye Jovenel Moïse. Nan sans sa, pou evite li enkilpe nan dosye sa, premye minis Ariel Henry revoke minis jistis la, Rockefeller Vincent, ak komisè gouvènman an Bel-ford Claude, ki te konvoke l epi enkilpe l nan yon rekizitwa sipletif. 4) Premye minis Ariel Henry opoze kategorikman ak rekèt ansyen chanselye Claude Joseph pou te mande ONU mete sou pye yon komisyon ankèt sou dosye asasina Jovenel Moïse la », daprè Claude Joseph.
Doktè Claude Joseph, pou tout rezon sa yo, fè konnen se yon ilizyon panse gouvènman ki gen nan tèt li Ariel Henry gen volonte pou rann jistis ak Jovenel Moïse.
Echo Jounal