AYITI KOMEMORASYON: Prezidan Jovenel Moïse patisipe nan seremoni komemorasyon 212 lane lanmò papa Nasyon an, Jean Jacques Dessalines.

Ayè mèkredi 17 oktòb 2018 la Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, kite gen bò kotel Premyè Dam nan, Martine Moïse, Premye minis Jean Henry Céant, prezidan Kou kasasyon an, Met Jules Cantave ak plizyè palmantè tankou prezidan chanm depite a, Gary Bodeau ak senatè Gracia Delva, patisipe, mèkredi 17 oktòb 2018 la, nan mès aksyon de gras pou komemore 212 lane lanmò Anperè Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an, nan legliz Sent Klè nan Machan.

Mès aksyon de gras saa ki reyalize sou siy inite ak solidarite ant pouvwa leta yo, se te okazyon pou selebran prensipal la, pè Robainson Alexis, te raple nesesite pou tout otorite yo kontinye montre bòn volonte yo pou mennen peyi a sou wout chanjman ak devlopman. Pè a fè remake, « Divizyon pap mennen nou ankenn kote », nou dwe mete tet nou ansanm apre 212 lane pou n fè onè ak gwo aksyon saa anperè Desalin te poze, pou l te konstwi nasyon saa.

« Chak moun dwe pran responsabilite yo pou Ayiti kapab chanje », se nannan mesaj pè Alexis a ki mande tout otorite yo pou respekte lwa yo, yon fason pou fè tout moun kap viv sou bout tè saa respekte prensip ki tabli nan tout domèn, nan lide pou peyi a fonksyone nan lapè ak serenite ki ka penmèt nou avanse ansanm, nan ideyal papa Desalin nan ki chita sou libète pou tout moun.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …