AYITI/ POLITIK: ANSYEN DEPITE ARNEL BELIZAIRE VIZITE KOMIN MIRAGWÀN

Ansyen depite sikonskripsyon Dèlma ak Taba, Arnel Belizaire akonpanye ak plizyè ansyen prizonye politik Babas, Kilik vizite jounen dimanch 30 janvye 2022 a komin Miragwàn epi chita pale ak plizyè manm nan popilasyon nan lokalite  » anba fò » ki nan sant vil komin sa a.

Inisyatè mouvman an Kerton Lortéus, fè konnen vizit ansyen depite Arnel Belizaire nan komin Miragwàn pou te kapab prezante ak popilasyon yon lòt modèl batay pou kapab rive chanje lavi popilasyon an epi denonse fason politisyen yo ap pran plezi nan mizè pèp la.

Sou bò pa li, ansyen depite Arnel Belizaire, deklare li tanmen seri mouvman depi lè li sot nan prizon an pou kapab lanse yon batay pou fè inyon nan moun k ap viv nan geto yo. Ansyen palmantè a ki denonse otorite nan Leta ki pa janm fè anyen pou viktim tranblemantè 12 janvye 2010, 14 dawout 2021 an yo. Ansyen prizonye politik la, ki wè yon malè pandye pou aprè 7 fevriye a si pagen anyen ki fèt nan mitan aktè yo.

Pou fini, Arnel Belizaire, ki mande antant nan mitan geto yo paske divizyon ki kreye se pou kapab detwi frè ak sè yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …