AYITI/INONDASYON: KOMIN PLÈN DI NÒ LEVE ANBA GWO DLO MATEN LENDI 31 JANVYE 2021 AN.

Plizyè kay nan komin Plèn Dinò anvayi ak gwo dlo maten lendi 31 janvye 2022 a.

Sityasyon sa rive akoz gwo lapli kap tonbe nan depatman an Nò a depi jounen dimanch 30 janvye 2022 a, sa ki lakoz anpil moun kite kay yo pou al pou ale chache yon kote pou sove vi yo anba dlo sila ki pa sispann grandi.

Moun ki sòti nan zòn ki pi plis touche anba gwo dlo sa tankou anwo ak anba zouk, zòn basen Sen Jak, ki pa jwenn kote pou yo abrite, oblije rete ozalantou legliz katolik la. Selon enfòmasyon yo dlo sa ki anvayi plizyè kay nan komin nan soti nan zòn Robiya, Grizongad, Labriyè ki fòme rivyè Galwa mete ak latriye kanal ki te deja kwaze ak rivyè sa ki debòde nan bouk la.

N ap siyale, enfòmasyon sal redaksyon Echo Jounal gen disponib fè konnen gwo dlo sa a ki anvayi vil la gentan fè anpil dega, gen moun ki pa rive sove anyen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …