Yon ti tan tou kout apre yo pa rekonèt Fritz Jean, siyatè somè Lwizyàn yo rankontre premye minis defaktoan, Ariel Henry jounen mèkredi 2 fevriye 2022 a.
Alòske akò Montana a eli Fritz Jean kòm nouvo prezidan pwovizwa peyi Dayiti, moun ki te deziye l yo anvan an ki se akò Lwizyàn yo pa rekonèt li ankò. Nan pi piti pase 48è siyatè somè Lwizyàn yo rankontre ak Ariel Henry.
Selon enfòmasyon yo, rankont la te plis chita sou ki posibilite ki genyen pou moun akò Lwizyàn yo te kowabite ak responsab primati a.
Frantz Exantus ki se manm delegasyon Lwizyàn ki te rankontre chèf gouvènman an, voye jete enfòmasyon ki te fè kwè se kesyon kowabitasyon l t al regle. « Pozisyon yo pa chanje. PM nan vle yon egzekitif ak yon sèl tèt, alòske delegasyon Lwizyàn nan favorab pou yon egzekitif bisefal », deklare ansyen sekretè Leta kominikasyon an.