AYITI/POLITIK: PATI POLITIK PLANSPA PRAN POZISYON L NAN DIVÈS PWOBLÈM PEYI A AP FÈ FAS

Pati Planspa bay yon konferans pou laprès jounen jedi 3 fevriye 2022 a nan lokal pati a ki chita kò li nan « Puit-Blain » pou bay dizon li sou sityasyon politik ak ekonomik peyi a ap travèse depi apre lanmò prezidan repiblik la, Jovenel Moïse.

Selon pwofesè Dieudonné Lherisson ki tap reyaji nan non pati a, se konpòtman politisyen ekstremis ak radikalis yo ki mete peyi a nan sityasyon difisil li ye jounen jodi a, kote ensekirite lavi chè ap taye banda nan tout kwen nan peyi a.

Pwofesè a adrese li ak manman Notre Dame Perpetiel sekou, pou li ede peyi a nan sa li ye jounen jodi a nan fè politisyen ekstremis ak radikalis yo wè se yon chita ansanm kap retire peyi a nan sa li ye.

Pou fini, pwofesè a fè konnen te gen peyi ki te pi mal ke nou, se konsyans ektremis ak radikalis yo te pran pou libere peyi yo, pou sa li mande yo fè menm jan pou peyi a kapab rale yon souf.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …