AYITI/POLITIK: ARIEL HENRY DEKLARE 7 « FEVRIYE 2022 » FÈ 7 MWA DEPI MALFEKTÈ SAN FWA NI LWA TE ASASINEN JOVENEL MOÏSE

Premye minis defakto a, doktè Ariel Henry, nan yon twit li fè deklare 7 fevriye 2022 a fè 7 mwa depi malfektè san fwa ni lwa te asasinen ansyen prezidan peyi a Jovenel Moïse.

Chèf gouvènman defakto a, fas ak sa, fè konnen : » « fòk nou rann prezidan an jistis ».

Yon lòt kote, jij Gary Orelien, nan yon anrejistreman jounal CNN genyen deklare Ariel Henry lye e zanmi ak sèvo asasina Jovenel Moïse la.

Jij ki t ap mennen ankèt sou dosye lanmò Jovenel Moïse la, Gary Orelien, pi lwen, deklare Ariel Henry se prensipal sispè nan asasina Jovenel Moïse la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …