AYITI/REVANDIKASYON: POU YON DEZYÈM FWA OUVRIYE YO KONNEN YON MOVE MOMAN ANBA MEN LAPOLIS.

Lapolis kraze pou yon dezyèm fwa mouvan ouvriye SONAPI yo jounen jedi 10 novanm 2022 a, ki ap reklame 1500 pyas pou jounen travay yo epi mèyè kondisyon travay.

Pou te kraze mouvman revandikasyon ouvriye yo, lapolis te bay anpil gaz lakrimojèn epi tire anpil katouch anlè, sa ki ta pral soulve kòlè ouvriye yo, pou te defann yo, yo te boule kawotchou, voye wòch, bloke wout la epi lanse anpil pawòl piman bouk kont lapolis ak premye minis defakto a, Ariel Henry.

Nap siyale, menm fanm ansent pat epanye anba gaz polisye yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …