Tije se nouvo kòmandan ki ap evolye nan zòn Dekayèt Savann Pistach nan figye apre lanmò yon sèten Mikael ki tap kòmande espas sa yo.
Depi kèk jou genyon van panik kap soufle nan zòn Savann Pistach kote anpil moun gentan viktim twa (3) mò ke moun wè, plizyè blese pami yo de (2) polisye, plizyè kay boule ladan yo yon komisarya polis e plizyè moto boule.
Selon nouvo kòmandan an Tije ki akize de panik sa ki gen nan zòn sa yo dènye jou sa yo tap reyaji sou Gran Boulva a nan radyo Karayib maten jedi 24 oktòb 2018 la.
Tije prezante tèt li kòm yon revolisyonè kap defann popilasyon pa li a kont vòlè kadejakè selon sa li fè konnen.
Tije akize kèk polisye kel di kap fè sak pa sa nan zòn nan e ki gen misyon pou ta eliminel selon enfo li bay, pandan anpil moun nan zòn sa lapolis kou sivil oblije kite kay yo pou echape anba katouch.
Tije ki di vrè non li se Sony Joseph rekonèt li touye ak ekip li yon mesye ki ta pral marye ak yon polisyè, tije fè konnen li gen plis ke senkant (50) gason ke lap kòmande nan baz li a.
Kesyon tout moun ta renmen konnen ki kote kòmandan an jwenn zam ak minisyon ?
Tije fè konnen se zam polisye ki te konn ap vire avèk li yo ki nan menl se yo ki bal zam e jodi a se yo ki an fas li kap goumen avèl. Tije te fè anpil efò poul pat site non okenn lòt moun apa de polisye yo nan kesyon moun ki bal zam lajan ak minisyon poul fonksyone ak ekip li.
Sèl non ki te rive soti nan moun ki konn jere mesye a se ansyen kandida a la prezidans lan ki te viktim anba mwa pase a pa twò lwen zòn nan se Eric Jean Baptiste.
Selon kòmandan an lòm dafè a te bal lajan jou fèt li.
Mandel kijan biznisman nan te fè viktim tou pre baz li.
Li fè konnen moun ki swe pou ou se pou li ou chanje chemizèt, li akize moun ki ap goumen avèk li yo kòm moun ki ta atake òm dafè a, li fè konnen yon moun ki konn jerel li pa ka tire sou li.