AYITI/SIPÒ: MEDYA « ECHOJOUNAL » DESIDE POTE JENÈS LA SEKOU

Pou ede jenès la jwenn yon metye ki kapab ede yo bouske lavi, Echojounal nan tèt kole ak Principe Auto Ecole, ofri plizyè bous konplè ak tout moun ki ta vle aprann yon metye.

Pami metye sa yo, nou jwenn « Auto Ecole » Informatique, depannage, montage video pou site sa yo. Pou moun ki enterese yo benefisye pwogram sila yap sèlman pase sou wout Dèlma a anfas antre ki mennen Dèlma 19 la oubyen yap rele nan nimewo 36234404.

Benefisyè yo ap peye sèlman yon frè $300 ht pou « Auto Ecole » la kap dire yon mwa, yo pap peye ni teyori ni pratik. Pou enfòmatik la, montaj videyo ak depanaj yap peye yon frè $500 ht pou twa (3) mwa.

Enskripsyon yo ap fèt sèlman semèn sa, e kou yo ap demare lendi 22 fevriye pou gwoup la semèn epi samdi 26 fevriye pou gwoup weekend. Yon moun ki pa ka deplase kapab enskri pa mon cash sou #36234404.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …