AYITI/SALÈ MINIMÒM: SEKTÈ SENDIKAL LA LANSE DE (2) JOUNEN MOBILIZASYON

Nan yon konferans pou laprès, Télémarque Pierre, manm entè sendikal premye me batay ouvriye, lanse de(2) jounen mobilizasyon mèkredi 16 ak jedi 17 fevriye 2022 nan sousi pou kontinye reklame 1500 goud kòm salè minimòm.

« N ap òganize de mach pasifik ankò pou nou kontinye mande gouvènman an ki gen nan tèt li doktè Ariel Henry pou l tande vwa larezon pou l fikse salè minimòm nan ak 1500 goud », deklare sendikalis la ki pwofite voye yon piga bay chèf gouvènman defakto an. » Nou klè. Se 1500 goud la oubyen li bay primati a ».

Télémarque Pierre fè konnen to enflasyon an gentan pase ak 26%.  » Nan atik 137 kòd travay la di chak fwa to enflasyon an li rive 10% fòk genyen ajisteman ki fèt alòske depi anviwon twa lane pa gen ajisteman ki fèt », esplike sendikalis la ki pwofite mande pou moun Kafou soti vin kanpe devan biwo rejyonal Kafou a nan Bizoton. » Yo ap soti nan Tò yo ap fè wout la pou yo kanpe devan biwo rejyonal ki nan Bizoton. Moun kwadèboukè degaje nou pou n rive. Moun Taba fè wout la pase pran siza pou nou ka rive devan Sonapi a lè », pawòl Télémarque Pierre.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …