AYITI ESPÒ: REZILTA TOUT MATCH KI TE JWE POU WIKENN NAN NAN PEYI DAYITI

Nan peyi Dayiti nou tap jwe onzyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon seri kloti, tout match yo te jwe nan dimanch 28 oktob 2018 la.

Men kijan sa te pase, Racing Gonayiv ki tap resevwa AS.Cavaly tonbe yon gòl a zero (0-1) Amy André te fè grenn gòl match la nan 18tyèm minit e pèmèt ekip Cavaly a fè twa (3) pwen an.

Valencia bat ekip AS.Capoise la (1-0) gras ak Mancini Telfort ki ta pral make pou ekip Lewogàn nan nan 49nevyèm minit

Reginal Cadet (62 ‘) ak Alezy Olnick (72’) pèmèt ak ekip FC.Arcahaie fè yon viktwa sou Real Hope (2-1), Desamours Schneider ta pral make pou Real Hope nan 78tyèm minit.

Fc.Quanaminthe kase met nan men AS. Sud-Est (2-0) gras ak Roobens Philogène (68’) epi Wilinx Joseph (76’).

Luckenson Morancy (65’, 81’) fè de (2) gòl e bay viktwa ak ekip li Fica sou FC.Petit Goave. (2-0).

Cosmopolites SC tonbe nan stad la devan ekip AS.Mirebalais (0-1) gras ak Jordany Valérius (53’).

FC.Tempete bat Baltimore SC (2-0), Rosemond  Olive make yon double pou ekip Tempete la (56’,67’) epi Jhonny Joseph (70’) pou Baltimore.

Racing Club Haitien tonbe fò nan pak Sent Terèz devan ekip Don Bosco a moun ki make yo se Ronaldo Estimé (85’) ak Eliader Dorlus (90+3).

 

klasman an prezante konsa

# Team MP W D L G Pts Form
1. Arcahaie 10 7 1 2 10:4 22
2. Cosmopolites 11 6 2 3 10:12 20
3. Cavaly 11 5 4 2 14:9 19
4. Capoise 11 5 2 4 11:10 17
5. Mirebalais 10 5 2 3 8:7 17
6. Real du Cap 11 4 4 3 14:9 16
7. Don Bosco 10 5 1 4 17:15 16
8. Fica 11 5 1 5 13:11 16
9. Ouanaminthe 11 4 4 3 8:7 16
10. Racing Haitien 10 4 3 3 9:8 15
11. Tempete 10 4 3 3 7:6 15
12. Racing des Gonaives 10 3 1 6 7:8 10
13. Sud-Est 10 3 1 6 9:15 10
14. Baltimore 10 3 0 7 7:11 9
15. Petit-Goave 11 2 2 7 6:12 8
16. Valencia Leogane 9 1 3 5 4:10 6

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …