AYITI LAME : WO ETA KÒMANDMAN LAME A ANONSE YAP PRAN MOUN, MEN PYES WAP BEZWEN AK KI KOTE WAP KA ENSKRI.

Nan yon nòt wo eta kòmandman fòs lame peyi Dayiti a soti, yo anonse yap pran jèn fi kou gason ki ta vle entegre lame a nan dis (10) depatman peyi a nan dat lendi 12 novanm pou rive vandredi 16 novanm 2018, biwo yo ap ouvè a nevè (9vè) nan maten pou rive twazè (3zè) nan apre midi.

Selon nòt sila moun ki enterese yo ap bzwen pyès sila yo:

1-Sètifika ki di yo fè nevyèm ane fondamantal pou klas ki pi ba.

2-Orijinal akdenesans oubyen ekstrè achiv.

3-Sètifika de bòn vi e mès.

4-Kat (4) bout foto.

5-Matrikil fiskal ak kat idantifikasyon nasyonal.

 

Men ki kote nap ka pase poun enskri;

1-Direksyon proteksyon sivil (0kay)

2-Nan baz Miltè yo (Lewogàn)

3-Direksyon proteksyo sivil, Monben Latay (Kap ayisyen).

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …