AYITI FO MOUVMAN: DE (2) FO BANDI MELANJE DEPITE DÈLMA A GARY BODEAU AK SENATÈ LWÈS LA ZOKIKI NAN BAY ZAM NAN BAZ?

Anpil moun ta pral sezi tande de (2) moun ki fè tèt yo pase pou bandi ta pral rele nan kék medya nan kapital la pou fè konnen yo vle fè lapè e aksepte antre anndan legliz pou sèvi Bondye e kite tout krim ak zak yo te konn fè nan peyi a.

Youn nan mesye sa yo ki ta fè tèt li pase pou Anel ki se chèf zòn vilaj de Dye a deklare depite Delmas a te bal 3 galil ak lajan pou travay pou li, li akize tou senatè lwès la zokiki kòm moun ki ta bal minisyon, endividi a pat met dlo nan bouch li poul pale de kijan rankont li te fèt nan palman an ayisyen ak palmantè yo, li menm site non Aviol Fleurant nan dosye sila.

Moun ki abitchwe pale ak Anel e pwòch li pat pran tan pou rele anmwey e fè konnen se fo mouvman, selon moun sa yo vwa a se pa vwa Anel e Anel pa tap fè revelasyon li yo konsa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …