AYITI GRÈV: POPILASYON AN FÒSE RETE LAKAY YO POU JOUNEN LENDI 19 NOVANM 2018 LA.

Grèv opozisyon an te lanse pou jodi lendi 19 novanm 2018 la rive paralize tout aktivite yo nan peyi a akoz gwo kè sote ki kreye nan peyi a katouch kap tire pa si e pa la.

Opozisyon an kite lanse manifestasyon pou 18 novanm epi grèv pou 19 ak 20 novanm 2018 la rive fè yon pa, manifestasyon opozisyon an pa rive trennen gwo foul jan sa te rive fèt 17 oktòb 2018 pase a, yon manifestasyon ki te gen anpil dezòd kote anpil nan manifestan yo te plis sou fè vyolans voye wòch boutèy tante boule ponp gaz ak kèk biznis yo te rankontre sou wout yo. Nan zòn Bèlè te gen gwo konfli ant manifestan  yo pou yon kesyon lajan ki te mal distribiye, Lapolis te oblije voye gaz tire anlè pou anpeche kèk moun viktim nan kèk zòn kote jwèt la te vle gate.

Byen bonè nan maten lendi 19 novanm 2018 la katouch tap tire nan divès kwen nan peyi a tankou Bon repo, kwadèboukè, Delmas, Matisan, Lasalin kote bandi yo rive boule yon polisye tou vivan, san kote nan vil provens yo epi barikad nan divès kwen kawotchou tap boule pou anpeche popilasyon an soti ale nan aktivite yo, lekol bank magazen tout te oblije rete fèmen, bri tap kouri sou tout rezo sosyo ke gen machin san plak kap tire sou moun..etc tout sa yo te vin bay gwo kè sote e kreye gwo laperèz nan mitan popilasyon an.

Malgre sa nan divès zòn tankou Petion vil, Delma, Gerald batay, Bon repo anpil moun te pran lari pou al chache lavi a pye, nan zòn delmas petion vil te gen kèk kamyonèt ki te tante pran lari ki ta pral kouri antre apre kèk moun ki te kache nan koridò pou voye wòch ak boutèy epi bloke wout la. Prèske tout stasyon yo arebò lari a te plen moun ki tap gade si yo ta jwenn yon machine, machine prive ki te pran lari yo se te ak gwo kè sote.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …