AYITI DEBLOZAY:  YON DISKISYON NAN DWÀN MALPAS LAN LAKOZ SIS (6) MOUN MOURI 5 LÒT BLESE  E KOZE PLIZYÈ DEGA.

Pou piti sis (6) moun pèdi lavi yo senk (5) lòt blese, yon bon pati nan komisarya malpas la ak dwàn nan boule epi yon machine ki gen plak sèvis leta boule jodi samdi 24 novanm 2018 la nan zòn Malpas.

Selon yon abitan nan Fonparizyen deblozay sa eklate pandan yon sekirite nan dwàn nan te nan diskisyon ak yon moun ki tap antre ak kèk machandiz ki te soti kay vwazen (Sen domeng), sekirite a tire bal la pran yon moun li mouri la pou la, popilasyon an ki te an kòlè rache sekirite ak kout manchèt epi mete dife sou li, lòt sekirite yo ki tap tante chape poul yo te al abrite nan komisarya a popilasyon an mete dife nan komisarya e boule yo.

Apre popilasyon an mete dife nan dwàn nan ak yon machine ki te tou pre a, twa (3) ajan dwanye ki te al kache nan komisarya a mouri kankannen, senk (5) lòt moun ta pral blese anba bal wòch boutèy pandan deblozay la, ajan fòs de lòd yo ki ta pral rive byenta selon abitan an rive kanmèn sove yon ajan dwanye anba anpil difikilte.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …