AYITI GRÈV: GRÈV OPOZISYON AN TE LANSE A PRAN YON KALÒT MARASA POU PREMYE JOUNEN AN NAN KAPITAL LA.

Apre yon semèn kote peyi a te fèmen ak yon grèv nan tout nan tout depatman yo ki tal debouche sou yon manifestasyon jou ki te vandredi 23 novanm 2018 la, yon manifestasyon ki pat rale yon gwo foul ki te parèt trè vyolan yo te kalonnen lapolis anpil kout wòch e tante mete dife nan de (2) ponp gaz sou Dèlma a, lapolis ta pral kraze manifestasyon an nan nivo Delma 60. Òganizatè yo ki te move kou kong ta pral anonse de jounen grèv pou jodi lendi 26, madi 27 epi yon gwo manifestasyon pou mèkredi pou lòk peyi a jiskaske pou prezidan repiblik la Jovenel Moïse kite pouvwa selon sa yo te anonse.

Yon jounen grèv ki ta pral pran yon gwo kalòt marasa, popilasyon an leve byen bonè pran chimen aktivite yo, elèv lekòl pran wout lekòl yo, anplwaye piblik kou prive pran direksyon aktivite yo malgre te gen anpil menas sou tout rezo sosyo pou te fè moun yo pè e kèk zòn te gen tire nan lannwit dimanch pou rive lendi 26 novanm 2018 la. Sektè sendika chofè yo te pran media yo pou di yo menm yo pa nan grèv e asire tout moun ke ap gen machin nan lari pou mennen yo nan aktivite yo.

Opozisyon an oblije repliye e di yo leve grèv pou demen madi kap 27 novanm 2018 la e di popilasyon an tann pwochèn mouvman ke yo pral gen fè pa twò lwen. Selon anpil moun popilasyon an lòk grèv la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …