AYITI/ASOSYASYON: YON NOUVO ASOSSYASYON MEDYA AN LIY PRAN BETON AN NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Yon nouvo asosyasyon medya an liy pile beton an jounen vandredi 1e avril 2022, nan Lima’s Restaurant ki chita kò li sou wout Dèlma.

Asosyasyon sila ki gen pou sig IHMEL vle di nan lang franse « Institut Haitien des Medias en lignes », asosyasyon sa gen nan tèt li kòm prezidan Bénito Sinord epi pou pòt pawòl Dr Harrisson Ernest. Plizyè medya tankou LAVI INFO, Motivation Info, REJOUIH, Echojounal, KRIKETENFO, La Nouvelle, Le Tout au Pluriel, DGD TV, Ecko News Official ki te prezan nan lansman sila fè pati de manm fondatè gwo asosyasyon sila.

Ranfòse, fòmasyon se kèk nan misyon IHMEL genyen nan pwogram li pou bay medya an liy yo ki se yon kle enpòtan nan kesyon enfòmasyon nan peyi a yon lòt imaj.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …