AYITI DEBLOZAY: GWO DEBLOZAY PETE NAN KOMIN BOMON.

Yon gwo deblozay parèt tèt li nan komin  Bomon  aprè midi  27 novanm 2018 la apre yon polisye ta tire yon chofè moto selon enfòmasyon yo.

Aksyon sila ta pral soulve kòlè kèk moun nan popilasyon an ki te atake sou komisarya vil la epi mete dife ladann, polisye yo te gentan chape poul yo pou pat pase anba woulo konpresè popilasyon an ki te pran lari a,

Majistra prensipal komin lan Alexis Faveur ki tap reaji sou yon stasyon radyo nan kapital la fe konen manifestan yo ta pote ale kek zam nan sou komisarya a pandan yo tap sakajel e mete dife ladann.

Bazile Solon

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …