Conflict.

AYITI/KONFLI: ANSYEN SENATÈ WILLOT JOSEPH KONVOKE NAN PAKÈ POU AL BAY DETAY APRE LI FIN LONJE DWÈT SOU ANSYEN KÒLÈG LI NAN LANMÒ YON JOUNALIS.

Pakè tribinal premye enstans Mibalè kovoke ansyen senatè Willot Joseph pou li vin bay plis detay sou lanmò jounalis Néhémie Joseph.

Ansyen palmantè a jwenn envitasyon sa apre li fin lonje dwèt li sou ansyen kòlèg li Rony Celestin kòm moun ki ta touye jounalis la, Willot Joseph pa te met dlo nan bouch li kote li tap fè yon entèvansyon sou antèn Radio Television Caraïbes sou konfli li ak frè li Rony Celestin.

Ansyen palmantè a akize kòlèg li a nan anpil zak tankou asasina, dwòg ak anpil lòt ankò, kesyon anpil moun ap poze « Poukisa se kounye a Willot Joseph deside di pawòl sa yo? Yon konfli ki moutre nan ki eta moun kap deside yo ye.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …