MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK DEFAKTO A PAKA KENBE ANKÒ APRE DE (2) BANDI FIN TONBE NAN MIRAGWÀN.

Komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin kontinye ap mete dlo nan je otorite nan gouvènman defakto yo ak swadizan moun kap defann dwa moun yo RNDDH ki gen nan tèt li Pierre Esperance, FJKL Marie Yolène Gille nan elimine bandi yo.

Minis jistis ak sekirite piblik defakto a Bertho Dorcé pran kou jis nan zo apre komisè gouvènman Miragwàn nan voye nan peyi san chapo de (2) bandi ki gen pou non Jules François alias Piman chen ak Rodrigue André jounen samdi 18 jen 2022 a.

Minis lan soti yon kominike rapid vit jounen dimanch 19 jen an pou wè kijan li ta frennen mouvman kap elimine bandi yo nan komin Miragwàn, li anonse yon komisyon ki pral travay sou jan bandi yo ap tonbe men li pa di anyen sou pakè Pòtoprens ki aktyèlman la sou kontwòl bandi yo depi plis pase dis (10) jou.

Li pa di anyen sou responsab sikilasyon Kwadèboukè a ke bandi te maspinen anba katouch nan komin Kwadèboukè, moun kap tonbe anba bal e yap kidnape chak jou Bondye.

Minis defakto a pa di kilè yap reprann kontwòl Pakè a, kesyon anpil moun ap poze poukisa okenn nòt pa janm soti nan gouvènman defakto pou polisye, doktè, elèv, ti machann elatriye kap tonbe anba bal bandi.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …