ETAZINI DÈY: GEORGE BUSH ANSYEN PREZIDAN PREMYE PWISANS MOND LAN ETAZINI MOURI.

Nan yon kominike pitit li GEORGE W. BUSH akonpanye ak lòt pitit li fè, anonse lanmò papa yo George H.W BUSH a 94 lane, pou rapèl ansyen prezidan Etazini an te dirije peyi a, de 1989 pou rive nan ane 1993 pandan gè fwad la ta pral sispann.

George BUSH se te 41e prezidan kite gen kle « maison blanche »

Donald TRUMP ki se aktyèlman prezidan pèp ameriken an salye depa defen an, sitou pou leadership ak foug li te genyen ni pou fanmil e ni pou Etazini, Donald TRUMP ale pi lwen toujou pou l di ansyen prezidan BUSH se youn nan modèl sitwayen ameriken yo genyen kòm eritaj pandan’l ap asiste somè G20 nan Buenos aires nan lakou Ajantin.

Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …