AYITI AGRIKILTI: GWO DIFIKILTE POU ABITAN YO JWENN SEMANS PWAWO NAN LATIBONIT.

Gonayiv, lendi 3 desanm 2018.- Peyizan nan vale latibonit sitou nan lokalite Bado Machan, komin Gonayiv, gen gwo difikilte pou jwenn semans pwawo pandan sezon sa.

Odonel Regis k ap dirije yon òganizasyon peyizan nan depatman Latibonit la eksplike pwoblèm semans pwawo a lage gwo kè sote nan mitan kiltivatè yo. Pafwa se plizyè plantè ki mete lajan ansanm pou voye achte semans la jouk Pòtoprens.

Mouche Regis prevwa  » si jaden peyizan yo pa gen pwawo pandan mwa desanm nan, yo pral soufri anpil nan kòmansman ane 2019 la. »

Pwoblèm dola k ap pran plis valè sou goud la, Leta ki pa akonpaye peyizan yo se kèk rezon Odonel Regis panse ki lakoz pwawo a difisil pou peyizan Latibonit yo.

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …