AYITI/MASAK LASALIN/64MOUN MOURI, 14 MOUN BLESE PA BAL, 2DISPARÈT, 7 FANM VYOLE

Nan wikenn nan (RNDDH) kise rezo nasyonal kap defann dwa moun , rive prezante rapò dènye ankèt yo te mennen sou evènman ki te pase nan katye Lasalin sòti premye pou rive 2zyèm semèn mwa novanm ki sot pase a
rapò si la ki divize an 9 pati ki santre sou 2 dat kise 1novanm 2018 ak 13 novanm 2018

selon rapò a premye atak ki fèt 1 novanm 2018 lan te lakoz 5 moun pèdi la vi yo , 9 moun blese pa bal , pami yo 5 fanm

Toujou selon rapò 2zyèm atak la ki te fèt nan dat 13 novanm 2018 ta pral dewoule an 2 tan, youn nan aprè midi , e lòt nan aswè kote *rezo nasyonal kap defann dwa moun yo* rive resanse 73 viktim , ladan yo 59 moun mouri , 2 moun disparèt , 5moun blese pa bal, e 7 fanm yo vyole

Pami 59 moun ki mouri yo (RNDDH) rive resanse 16 fanm ladan yo , 6 minè ki mouri 2 nan yo gen 3 an, youn 9 an, youn 10 an, youn 16 an, e youn 17 an

*Rezo nasyonal kap defann dwa moun yo* nan menm kad evènman sa yo ki fè pandan 2 dat men nan 3 tan rive jwenn 150 kay ki alafwa boule , kraze , trible ak bal , e san konte lòt ki boule rapye tè ki lakoz yo pat ka rive kontwole yo

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …