AYITI ANDIKAPE: RANIPH MANDE OTORITE YO POU APLIKE LWA SOU ENTEGRASYON MOUN ANDIKAPE YO.

Nan entansyon pou amleyore sitiyasyon moun kap viv ak andikap yo, kòdinasyon depatmantal Latibonit Rezo asosyativ nasyonal pou entegrasyon moun andikape yo (RANIPH) mande otorite etatik yo pran tout dispozisyon pou aplike lwa sou entegrasyon moun andikape yo ki te vote nan mwa mas 2012.

Kodonatè Oganizasyon an, M. Mocles Jean-Baptiste deplore neglijans Leta ayisyen li di estime ki manke enplike nan lit kap mennen pou tout andikape yo entegre yo nan sosyete a. Selon li, jiskaprezan, pa vreman gen lekòl adapte pou moun andikape.

M. Jean-Baptiste ki tap pale apre yon kozri RANIPH te reyalize pandan wikenn nan sou « Edikasyon enkliziv », deklare li regrèt deske pa janm gen efò ki fèt pou fasilite andikape yo aksede san difikilte ak yon pakèt biwo piblik.

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …