AYITI POLITIK: YON NOUVO DIREKTÈ NAN TÈT ULCC.

Claudy Gassant nome Dirèktè Jeneral linite lit kont koripsyon (ULCC) jodi 15 desanm 2018 lan.

Prezidan Jovenel Moise Chwazi ansyen Komisè Gouvènman sou Administrasyon Préval/Pierre Louis a, pou Ranplase Majò David Bazile Nan Tèt Linite lit kont koripsyon.

Jan anpil Moun nan Opozisyon an ak PetroChallangè yo tap mande sa depi kek mwa pou bon jan Limyè fèt sou 3.8 Milyon dola Vèt ki ta Gaspiye selon Anpil Lidè pati Politik.
Lokatè Palè Nasyonal la, Deside Ranplase Ansyen Minis defans nan Gouvènman Martely/Lamòt la nan Tèt (ULCC).

Me Gassant Ranplase Majò David Bazile ki tap Dirije Linite lit kont Koripsyon an Depi 10 Jiyè 2017.

Souffrant Guerking

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …