AYITI DIPLOMASI: YON SENATÈ MANDE POU ROUVRI ANBASAD PEYI DAYITI NAN PEYI BENEN

Senatè Jean Mari Salomon mande pou leta ayisyen relouvri anbasad ayiti ki nan peyi Benen an.

Nan yon lèt tou louvri kel adrese nan dat 15 desanm nan ak gran kò a, ansyen vis prezidan sena mande pou enstitisyon li ladanl lan oganize 3 gwo seyans istorik pou pran kèk rezolisyon nan sans sa a.
Prezidan komisyon zafè etranjè ak kilti nan sena repiblik la di se ap yon wont pou nou poun koupe fache ak manman nou.  » ayiti gen gwo rapò kiltirel ak lafrik, se la kòd lonbrik nou plante ». Sesa nou li nan lèt la. Lifè konnen ayiti se yon pye bwa rasin li jouk an afrik. Se pou malè nou sin koupe fache ak Benen selon sal di.
Li avanse poul di si nou rive rouvri anbasad la nan Benen se ap yon gwo kalòt nap bay peyi oksidan yo.

Nap raple ke leta ayisyen te deside raple anbasadè li nan peyi benen depi mwa jwen 2018 pase a.
Gédéon DELVA , Aken.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …