AYITI- SANTE : GWO BOURAD NAN SYSTEM SANTE A NAN LATIBONIT.

Administrasyon Moïse Ceant  ap ogmante system sante a nan depatman latibonit gras ak yon kout men peyi kanada.

Yon fason pou rann sante a yon ti jan nan latibonit, peyi kanada a travè ministè sante piblik ak popilasyon an (MSPP) remèt 9 anbilans bay direktè sanitè latibonit lan (DSA).

Yo remèt anbilans sa yo pandan yo tap Lanse dezyèm faz pwojè << priz an chaj entegre sante manman ak tout pitit yo (PRISMA 2)>>. se te okazyon pou moun kap menen tèt sante yo pa bò isit te pwofite di mèsi ak prezidan peyi a Jovenel Moïse ak lòt moun bò kote li yo, pou jefò li ki pèmèt lopital lapwovidans Gonayiv la kontinye ap bay sèvis.

E pou travay ki fèt pou rann fanm kap viv nan tout depatman an, kapab jwenn swen sante sitou lè yo gwòs ak lè yap akouche.

Pwojè PRISMA 2 a ki lanse sou lòd MSSP ak kout men lajan peyi kanada, panse amelyore kalite swen sante medam yo, tifi ak ti moun soti 0 (zero) pou rive 5 (senk) lane nan site endepandans lan. Gras ak 9 nouvo anbilans sa yo, sant anbilans depatman latibonit fè yon gwo pa soti nan 8 pou li pase a 17 anbilans.

Bazile Solon
+50937327246
Bazilesolon27@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …