ESPÒ: TIRAJ UITYÈM DE FINAL LIG DÈ CHANPYON 2018-2019.

Jodi vandredi 17 desanm 2018 la, komite òganizasyon foutbòl ewopeyen an (UEFA) reyini nan vil *nyan* ki sitiye nan peyi *swis* nan sousi pou yo delivre kalandriye uityèm de final chanpyona ewopeyen klèb chanpyon yo pou sezon 2018-2019 la.

Senk (5) jou aprè faz gwoup yo te fèmen kote ki te gen 96 match ki te dispite ak 32 ekip, UEFA ( federasyon ewopeyen foutbòl ) te reyalize tiraj uityèm de final yo kote 16 ekip pral toke kòn yo nan ale ak retou nan 16 match, Yon tiraj ki afiche yon pakèt bèl rankont tankou :

✅Manchester united (3 tit ) Fas PSG( 0 tit)

✅Tottenham ( 0tit) Fas BVB( Borrusia Dortmund 1 tit)

✅Lyon ( 0 tit ) Fas FC Barcelone( 5tit)

✅Schalke 04 ( 0 tit ) fas Manchester City( 0 tit )

✅Roma (0 tit) fas Porto (2tit)

✅Athlético ( 0 tit ) fas Juventus (2 tit )

✅Liverpool ( 5tit) ( finalis dènye edisyon an) Fas Bayern Munich (5tit )

epi
✅Ajax Amsterdam (4 tit ) Fas Real Madrid ( 13 tit)
ki se chanpyon dènye edisyon an.

Pou n raple , se ekip ki te fini dezyèm nan chak poul kap resevwa nan match ale yo nan dat 12, 13, 19 ak 20 fevriye 2019, epi sa ki te fini premye yo ap resevwa nan match retou yo nan dat k ap 5 ,6 ,12 epi 13 mas 2019.

Pa bliye pou 64èm edisyon chanpyona klèb chanpyon sa, federasyon foutbòl ewopeyen an ( UEFA) vini ak aparisyon *VAR* ( asistans videyo) pou rès konpetisyon sa, yon desizyon ki pral pèmèt abit yo pran pi bon desizyon épi konbat ak espontaneyite .

Jonathan Occulis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …