ESPÒ: JOSÉ MOURINHO PA ANTRENÈ MANCHESTER UNITED ANKÒ.

Aprè 2 zan edmi pase nan tèt ekip Manchester United la , dirijan  » reds devil » yo deside separe yo ak antrenè pòtigè 55 ane a ( José Mourinho) , jounen madi 18 desanm lan aprè yon defèt nan Anfield la dimanche dènye kont ekip Liverpool la .

Se yon nouvèl ki fè anpil tole , kote maten an José Mourinho rive jwenn revokasyon l aprè 17 joune konpetisyon ( premye lig) ak 26 pwen ( 7 viktwa , 5 nil , 5 defèt ) ak yon diferans 0 pou 29 gòl make ak 20 ankese kote l twouve l sizyèm ( 6èm ) dèyè Arsenal ki gen menm kantite pwen an , men devan pou yon pi bon diferans gòl.yon bilan ki pa konvenk dirijan « Reds » kote yo fè konnen nan yon kominike yo endike :  » klèb la remèsye José Mourinho pou travay li fè pandan sejou l nan tèt Manchester United, nou swete l siksè nan fiti pwojè l yo. »

Pou plis detay, pòtigè a te rive dispite 144 match nan tèt Manchester United : 84 viktwa ( 58,3%) , 31 nil , 29 defèt , 251 gòl make , 129 gòl ankese , 3 tit ( 1 league cup , 1 europa ligue , 1 community shield. )

Pou n raple , dirijan yo nome yon antrenè enterimè selon sa kominike a endike . » Michael Carrick  » ki te adjwen José Mourinho, ta dwe akonpaye ak Kieran Mckenna. Men dout sisite sou dire enterim nan. Paske plizyè non deja ap sikile pou pran swit la. Selon enfòmasyon nou , yon nouvo antrenè ka nome nan 48è.

Daprè dailly mirror, teknisyen pòtigè a ta sou wout pou l resevwa 25 milyon ewo pou dedomajel

Jonathan Occulis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …