ESPÒ LAKAY: FOUTBÒL FANM KOUP PALMAN FINAL TIGRESSE VS ANACAONA.

Aprè plis pase twa (3) mwa kote medam yo tap woule boul sou tout teren nan peyi a pou montre sa yo gen nan janm yo, finalman koup palman rive nan bout li. Grand final la ki pral jwe ant ekip Tigresse la ak ekip Anacaona pral met an fas non sèlman de pi bèl ekip yo men tou de sipèsta chanpyona a.

Se pral yon veritab batay ki pral opoze ekip Tigresse la ak ekip Anacaona ki se de pi gwo ekip nan zafè football feminen an ayiti. An menm tan tou pral gen yon lòt final anndan final sa kote menèz de jeu ekip Tigresse la Melchie Daëlle Dumornay (Corventina) aktyèl meyè bitèz chanpyona (19 gòl) pral opoze ak atakant Anacaona Sherly Jeudi (17 gòl) ki se sèl grenn moun ki ret nan kous la ki ka anpechel reyalize rèv li ki se fini meyè jwè ak meyè bitè tounwa sa.

Pou sa Corventina ak patnèz li yo ap gen pou travay anpil fas ak ekip Anacaona ki konte pran revanj li sou ekip Tigresse la ki te ranpòte chanpyona sou yo lane pase a.

Michelet ALCIDOR

micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …