AYITI / NWÈL / TOUT KALITE PWOBLÈM METE AYISYEN AN DEFI POU SELEBRE FÈT NWÈL JAN SA TE KONN YE NAN LANE KI DEJA PASE YO

Depi kèk lane fèt nwèl rete pou pèp ayisyen kòm yon tradisyon , se ak anpil lajwa , yo te toujou selebre chak lè moman sa rive ,sòti mwa novanm pou rive mwa desanm koutim yo toujou montre pèp ayisyen pare paske nan chak zòn tout abitan toujou mete tèt ansanm pou , bale la ri, pentire gran ri ak enpas yo , ab de nwèl , fanal, tout mi ak desen *Pè Nwèl* se kèk pami prèv ki te toujou baw yon ide sou kòman Ayisyen te bay fèt sa enpòtans ,abitid sa yo ak anpil lòt ankò , sitou chak lè fèt sa pral rive pèmèt tout moun remake pou fen lane 2018 sa zye damou pèp ayisyen te gen fikse sou enpòtans fèt sila kòmanse chape poul li pou pran yon lòt pozisyon ki kòmanse lage pi fò fanatik fèt sila anba tèt chaje

Malgre pwoblèm politik , sosyal, ekonomik , ak anpil lòt ankò peyi a pa sispann rankontre sou chimenl sa pa anpeche nou deja a mwens kèlke jou pou fèt sa rive , men jan sa te konn ye , tout katye mobilize , tout moun ap dekore lakay yo, ti machann pa gentan pou ret lakay tèlman sa moman sa te nan benefis yo , ebyen ane sila fòk ta gen anpil kouraj pouw mache avan pouw ta rive jwenn yon katye kote aktivite sa yo rete vivan

Pagen kè kontan , pagen linyon, nan zòn defavorize yo se pito *son katouch* ki ranplase mizik nwèl nan zòrèy abitan yo si nou ta pran dòleyans jèn gason sa ki retwouve l nan kafou *Gerald Bataille* ak vizaj li plen tristès, fè konnen jan fèt nwèl la vin chavire tèt anba a pa yon avantaj pou li , chak ane li te konn pami moun ki te konn patisipe nan ti pwogram netwayaj zòn li gras ak ti degaje anyèl sa li te konn benefisye yon ti lajan ki konn pèmèt li pase fèt fen ane li nan fason pal men depi kèk lane tout pwogram kaba e depi menm lè s se toujou anba menas fatra fèt Nwèl la toujou rive jwenn yo nan katye a malgre tout efò yo toujou fè

Menm ke kay la pa pentire, pagen nouvo mèb ki achte, pagen lajan, fenomèn ensekirite a pa sispann taye banda sou tout teritwa peyi a selon kèk abitan ki nan 2zyèm sikonskripsyon kapital la sa yo pa faktè primòdyal ki pou anpeche yo pa pase yon fèt Nwèl meyè Selon JONAS yon jèn gason ki antre 25 a 30 an, trè konfyan retwouvel pami gwoup abitan sa yo, fè konnen depi gen lavi, ou pa pami sila ki ale se yon kado Jonas pito mande prezans linyon pandan peryòd fèt la e pwofite mande ak sila ki gen pi plis yo manyen lonje men bay moun ki pi nan bezwen yo konsa ya sonje nan vi yo te pase yon Nwèl ki diferan ak lòt yo

Carline yon jèn fi ki gen souli yon mayo Nwèl ane 2017 ki li menm retwouvel nan menm katye a pou li se yon regrè e menm yon desepsyon kote chak swa lè lap pase nan kèk lòt zòn ki nan kapital la , pou janl wè dekorasyon yo epi nan zòn pal la se sou dwèt lap konte avanl jwenn youn ki menm jan an, demwazèl sa kap degaje enkyetid li sou pozisyon li konstate fèt Nwèl la ap pran an pa mete dlo nan bouch li pou mande leta ak lòt enstans ki konsène yo pou entegre plis chak ane nan koze fèt Nwèl konsa moun ki pi ba yo ta santi otorite peyi yo ap panse avèk yo

Fèt sa ki deja rive sou popilasyon an pandan majorite a pa wè anwo ni anba konjonkti politik la ak ensekirite a gen pousantaj pal nan devalorizasyon fèt Nwèl la selon Mirlande , manman 3 adolesan deklare ane sa timoun li yo ap fete Nwèl sèlman nan lekol yo men pou zafè reveyon , fè deplasman avèk yo pou ale sou plas piblik , ale nan aktivite li pap pran chans sa Mirlande ki ta byen renmen selebre tout moman sa yo ansanm ak pitit li e lòt fanmil men selon li menm jan peyi a prale a pa ankourajel pran chimen sitou lannwit pou sòti ak pitit li paske sekiritel pa garanti

*Yon fèt Nwèl ki jis kounye a poko anonse akenn koulè pandan se tan jou yo kap file tankou zetwal pa sispans mete enkyetid nan lespri popilasyon an , ki jis kounye a poko konnen pou fèt fen ane a ki pòt yo pral frape nan lide pou jwenn menm yon sirèt pou ta retire gou anmè ki depi kèk tan fè eskal nan bouch yo pandan, sou ond kèk radyo Atis yo pa sispans , chante , dekri fèt Nwèl kòm pi gwo fèt lanmou, pataj, kè kontan ki gen nan mond lan men pa bò isit ta sanble fenomèn ying-yang lan , ipokrizi ak chen manje chen an pran plas tout kalite fèt sila ki lakoz byen souvan pifò popilasyon an oblije mare senti , bouche nen pou pase fèt sa nan anba fè nwa (blackout) , tristès ak sou fatra .
Si nou ta mete ipokrizi sou kote , jodi a tout bon èske gen yon ti resèv ki rete pou yon moun ta swete yon pwòch li yon *jwaye Nwèl???*

Antouka pou fèt fen ane a an nou espere limyè Nwèl la , ap limen konsa reyon yo a reflete sou lespri sila ki nan fè nwa yo
*
*MOINIUS Sonly* *jounalis*
*Repòtè*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Éducation en péril : le ministre Antoine Augustin, le MENFP et l’UNICEF plongent les professeurs stagiaires dans une crise sociale et économique à la rentrée scolaire, sous le silence complice du CPT et du Premier ministre Garry Conille

Dans le contexte actuel de migration massive des professeurs et jeunes cadres du pays à …