ESPÒ: FINAL ALE/PLAY-OFFS/SERI KLOTI/CHFP *DON BOSCO Ak ARCAHAIE FC SEPARE DOZADO, DÈNYE MO A POU DIMANCH SA*

NAN KAD FINAL PLAY-OFFS SERI KLOTI CHANPYONA NASYONAL LA EKIP DON BOSCO A TAP RESEVWA EKIP AKAYÈ FC A JEDI 20 DESANM 2018 LA NAN PAK STE THÉRÈSE. MALGRE YON PRESTASYON SAN PARÈY BÒ KOTE DE EKIP MATCH LA FINI (0-0) SA KI KITE YON GWO SISPENS POU MATCH RETOU A.

Se nan yon pak Ste Thérèse plen a krake ke match sa te dewoule ant Don Bosco Petyonvil ak Akayè FC. De ekip yo ki te konnen enpòtans match sa pat vle pote boure pou youn pat bay lòt avantaj. Aprè premye kadè a Don Bosco ki te devan piblik li te kòmanse pran kontwòl match la pandan li tap domine ekip Akayè FC pou yo wè si yo ta make yon gòl men se san konte sou solidite Achelwa yo ki rive antre nan vesyè ak eskò nil lan (0-0).

Nan dezyèm peryòd la Don Bosco te toujou gen kontwòl match la e yo te pase tou prè pou make yon gòl aprè yon frap de Zavarov men balon an al frape sou poto gòch gadyen akayè a (48è). Petyonvilwa yo te kontinye ap miltipliye aksyon. Akayè FC bò kote pa’l pat rete bwa kwaze, yo te profite mete danje nan kan Don Bosco chak fwa yo te jwenn okazyon, yo te menm manke jwenn gòl viktwa si Jean Becker pa’t gentan retounen pou ekip Don Bosco a (70è).

Malgre tou lè de ekip yo te kontinye ap pouse men youn pat janm ka rive pran avataj la nan tablo afichaj la sa ki kite yon sispenn pou match retou a.

Kiyès kap genyen viktwa final la? Ki ekip kap leve koup la: Akayè FC oubyen Don Bosco?
Randevou dimanch 23 pou match retou a.

Michelet ALCIDOR

micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …