TELEFÒN ENTÈLIJAN YON ZOUTI ENDISPANSAB POU TOUT MOUN SOU LATÈ

Telefòn entèlijan, yon zouti endispansab nan egzistans chak grenn moun sou latè beni.
Sa fè plis pase 14 lane kote itilizasyon telefòn entèlijan vin pi frekan nan vi kotidyen pi fò moun kap viv nan mond lan.
Kèlkeswa tip de moun ou ye, ou pa ka pa anvi posede yon telefòn andwoyid.
Yon fenomèn pèson pa sa fin eksplike!
Nan lari, salon, machin, biwo, anndan lekòl kou legliz elatriye, pi fò moun ap itilize telefòn entèlijan.
swa pou yo rete an kontak ak fanmi yo oswa pou yon antreprann aktivite pèsonèl yo.

Widlène 24 lane, yon antreprenè kap etidye syans kontab, fè konnen telefòn se tout lavil e’l fe kwè se yon zouti ki vrèman endispansab nan fonksyonman’l.
:<<Map itilize telefòn entèlijan depi nan lane 2010,mwen gen yon sèl telefòn , sensèman mwen pa ka pase yon jounen san telefòn mwen>>.
Daprè demwazèl sa se ak telefòn entèlijan li regle zafè biznis li, sitou lap fè biznis an liy, kidonk li sipoze toujou rete konekte poul ka kominike pi fasil ak kliyan ki sou rezo sosyal yo , pou rezon sa yo ak anpil lòt Widlène oblije koupe fache ak istwa rete san telefòn entèlijan an ki lakoz li pa ka pase yon demi jounen san telefòn li alevwa pou yon jounen

Telefòn pòtab, se yon bagay ki pap janm pase mòd nan sosyete ayisyèn lan, sitou lakay kèk jèn, gason tankou fi, ki ap itilize teknoloji sila, e menm kèk granmoun enfliyanse.
Neptune 26 lane, k’ap viv kay paranl, fè kwè se telefòn li ki pase estrès li chak lè pwoblèm vle potel ale, li pa ka pase yon moman san telefòn li pa nan menl.
Si pa malè telefòn li pa ta gen chaj, li fè konnen lap gen pwoblèm pou tout rès jounen an.
:<<telefòn nan èdem anpil, kèk fwa mpa sòti , pa gen travay pou ti jèn, se telefòn nan ki kenbew pouw pa fou>> se pawòl jèn gason sa kap degaje byen fè telefòn entèlijan nan lavi li.

Pou Ashley, telefòn se tankou madanm li, lap itilize telefòn depi 2009, 5 lane aprè sistèm telefòn entèlijan te kòmanse pran mond lan pou li. Ashley ki gen nan menl yon ZTE dènye modèl, men telefòn li ta renmen genyen an se yon IPhone.
L’ap eksplike koman’l fonksyone ak telefòn entelijan’l.
:<<Pa jou mw pase plis ke 8èd tan nan telefòn mwen>>.
Pandan 8èd tan sa Ashley saw fe nan telefon nan?
<<mwen tchat , al sou fesbouk , youtoub gade kek videyo, jwe, epi pale tou>>.
Se pa Sèlman pou koute mizik ,ak ekri ni pale Ashley chwazi itilze telefòn entèlijan,li fè kwè telefòn nan èdel aprann anpil bagay sou plan edikatif ak sosyal. Ashley ap eksplike.
:<<telefòn nan èdem anpil nan aktivitem , li èdem rete an kontak ak kelke zanmim , fanmim , epi fe rechèch tou.
Si pou kèk moun nan sosyete a se telefòn entèlijan ki dirije yo, men pou Ashley se kontrè a,
<<telefòn trè enpòtan paskem pap Sòti poum kitel dèyè , e depil pa gen chaj mwen malad men telefòn nan pa mèt mwen>>.

Si tout fwa telefòn se yon zouti ki endispansab nan lavi kèk moun, konsa tou li se yon move zouti pou deranje moun epi kowonpi sosyete a nan movèz itilizasyon’l.
Konsa w’ap deranje tèt ou, w’ap deranje sosyete a.
Telefòn entèlijan yon fenomèn ki pap janm pase mòd.
Ou pata di se yon viris ki anvayi lespri.
Si’w pa fè prevansyon, w’ap enfekte!

Tel: +509 4490 3939
valfednickson@gmail.com

Kredi foto: Le soir

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …