AYITI EKONOMI: CANGÉ MACKENSON BAY NIMEWO POU RELE SI YON MOUN TA RENMEN BENEFISYE PWOGRAM KREDI *ATÈ PLAT* la

Nan yon ti Chita pale ekip Redaksyon ECHOJOUNAL fè jodi dimanch 23 desanm 2018  lan ak CANGÉ Mackenson ki gen pou ti non *defansè koze pèp* ki se youn nan moun kap kore pouvwa a sou Pwogram kredi atè plat la Prezidan Repiblik la te lanse Mwa ki sot pase a Mackenson fè konnen pwogram si la se youn nan pi bon inisyativ pouvwa lap kore a te ka pran nan lide pou ède moun ki plis nan bezwen yo epi frennen fenomèn ki lakoz jèn yo plis manifeste enterè pou ale Chili ak Brezil olye rete lakay yo pou envesti

Daprè CANGÉ Mackenson sa ki vize amelyore kondisyon lavi moun ki pi ba yo pa fè esepsyon ni vize yon kategori moun byen detèmine okontrè selon sal fè konnen pwogram si la valab pou tout ayisyen ki nan kat (4) kwen peyi dayiti ,si sèlman moun kap fè kredi a ranpli kondisyon yo kote enterèse yo ap ka prete pou pipiti , kenz mil goud (15000 goud) pou rive pi plis ,senkant mil goud (50000 goud) epi remèt ak leta Ayisyen senk pousan (5%) nan lajan an chak yon lane pou fin peye pandan vennkat (24) mwa

Toujou Mackenson kap pale deja gen 1200 jèn fi ak jèn gason ki gentan benefisye kredi pa yo nan pwogram sa , e Mackenson pwofite mande ak tout ayisyen ki ta renmen jwenn patisite nan pwogram sa ki pat konnen kòman pou yo fè swivi yo
rele nan nimewo sa yo:
+50928103654
+50928103671
+50928103672
pou fasilite entèrese yo jwenn aksè avèk kredi a pi rapid.

Tel:+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …