AYITI / SOLIDARITE /NÒT SENPATI ECHOJOUNAL AVÈK TOUT EKIP RADYO TELE KISKEYA

Se avèk anpil Regrè ak tristès tout ekip ECHOJOUNAL la aprann lokal Radyo tele KISKEYA boule vandredi 21 desanm 2018 lan ECHOJOUNAL koubel byen ba pou swete tout ekip radyo tele KISKEYA kouraj e menm pwofite okazyon an pou raple a chak jounalis oswa aksyonè kap fonksyone nan medya sa li pa fasil pou rive dijere mòd aksyon sa yo sitou nan yon peyi kote pifò sektè ap mache bwate ,kidonk lè sa ki deja konstwi ap plede kraze, boule ,pa yon avantaj pou ankenn moun sitou yon Radyo tankou Kiskeya kap travay pou satisfè tout oditè ak oditris ki toupatou nan mond lan

ECHOJOUNAL ap mande tout responsab radyo tele KISKEYA pou kenbe menm volonte yo te genyen lè yo tap akouche radyo ak Tele sila pou sèvi peyi a, se toujou nan menm lanmou sa ECHOJOUNAL swete tout ekip KISKEYA a yon lòt fwa pral ini yo avèk plis konfyans nan lide pou rejwenn pi bon fason ki pou pèmèt yo retounen ak frekans radyo a pou oditè ,(ris) e chèn tele a pou telespektatè ,(ris) yo nan lide pou Radyo tele KISKEYA rejwenn gou mikwol pou kontinye sèvi popilasyon ayisyèn nan alawonnbadè.

ECHOJOUNAL

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …